Français    English    Español

CRÉOLE 
La Perle Sans Pareille - The Matchless Pearl


YON PYÈ PÈSONN PA KA ACHTE

David Mòs, yon misyonè ki te etabli nan lwès peyi t ap pale avek Ranmbo, yon vye granmoun ki te konn peche bèt ki gen pyè. Misyonè a te renmen misye anpil. Yon ou, apre granmoun nan te finn plonje pou'l peche, li te soti nan dlo a avek yon gwo zwit ki gen pyè. Li ouvri zwit la menm kote a epi li andann'l yon bel pyè. Misyonè a di: - Ranmbo, ou gen anpil chans, se yon richès ou jwenn la a.
Pechèa moute zèpòl li.
Etone, misyonè a di'l: - Kouman, ou konn wè sak pi bel?
Granmoun nan reponn: - Men wi, okontrè mwen gen yonn.
Granmoun nan koupe pawòl la kòmsi li vinn pèdi vwa. Apre li di: - Gade byen, pyè a gen anpil defo: li gen yon tach la a, yon ti grave bò isit la; epi...,
li yon ti kras twop long. Li bel se vre, men genyen ki pi bel ankò.
Mesye Mòs di'l : Mwen trouwè'w egzijan. Mwen menm, mwen trouve'l anfòm.
Ranmbo reponn pou l di: Se sa ou konn di moun yo lè w ap preche. Aprann, moun yo ka wè yo sen nan je pa yo men Bon Dye wè yo jan yo ye vrèman.
Pandan yo tap rantre la vil la nan yon wout plen pousyè, yo tap kontinye koze-a. Mesye Mòs di Ranmbo: - Mwen dakò, men ou pa wè Bon Dye ki deklare pa gen moun ki bon devan je l, rezève yon jistis san pas pouki a tout moun ki kwè sèlman nan paròl Li e ki aksepte sali lap bay gratis la?
Tonton an di: - Non, mwen pa ka aksepte sa. Mwen toujou di'w, li ta twop fasil. Relijyon w lan bon anpil, men mwen pa dakò ak li sou pwen sa a. Petèt mwen ka gen twop ògèy, men mwen, fòk m al nan syel kanmenm. Si non, mwen t ap santi m malere. Mesye Mòs kap priye depi byen lontan pou nonm sa a di: - Ranmbo, ou pa panse ou pap janm al nan syel fason sa a? Se yon sèl chimen ki gen yen men se pa chimen fè zèv la. Kris se sèl chimen an. Ou finn granmoun kounye a, petèt se dènye sezon pouw peche pyè. Wè pa wè, pou pòt syel la ouvri pou-ou, fòk ou aksepte vi nouvo a Bon Dye ap bay la nan non pitit Li Jezi Kri.
Ranmbo di: -Wi, se dènye sezon m. Jodi a, mwen fè dènye pèch mwen. Kòm anea pral fini, m'ap fè preparasyon pou ane ki pral vini.
Misyonè a di: - Ou ta dwè prepare w pito pou la vi kap vini.
Ranmbo di: -Mwen dakò! Men, eske w wè mesye sa a ki laba? Li se yon peleren kap mache pye a tè sou wòch ki pi pwenti yo. Li fè yon rete apre chak twa ou kat pa pou l mete l ajenou pou l bo tè a. Mwen vle, mwen menm tou, koumanse pelerinaj pa m premye janvye ki pra l vini. Mwen prale jis nan kapital la (Deli) sou de jenoum. Depi m ti kat kat mwen gen rèv sa a. Konsa, m ap asire mwen prale nan syel.
Mesye Mòs di: - Ou pral jis nan kapital la! Sa fè plis ke mil kilomèt; pou laj ou, ou pap ka resiste.
- Ki mele m, fòk mwen ale kanmenm. Mwen pral soufri se vre, men soufrans mwen ap- dous paske l ap pèmet m ale nan syel.
Mesye Mòs di l ankò: - Ranmbo, zanmi mwen, mwen prye w an gras pa fè sa. Jezi Kri te mouri pou pèmèt ou al nan syel.
Vye pechè a souke tèt li pou l reponn konsa : - Pa gen pèsonn sou la tè ki ka pi chè pou mwen pase ou menm, mesye Mòs. Ou gen lontan wap okipe m, lè m malad ou bam swen. Men pèsonn, pa menm ou menm pa ka fè m chanje lide sou dezim genyen pou m gen la vi ki pap janm fini.
Kèk jou apre, Ranmbo al frape pòt misyonè a pou di l: - Fòk ou ta vini lakay mwen pou yon ti moman. Mwen gen yon bagay pou m montre w.
Mesye Mòs di l: - M prale avek plezi. Men, lè yo te prèske rive nan kay la, kè l dechire lè l tande granmoun nan di: «mwen pral Deli nan uit jou».
Lè yo rive, granmoun nan mete misyonèa, zanmi l lan, chita kote toutan li konn esplike l ki sa pou yon moun fè pou l kapab sove. Apre l te finn kite pyès kote yo te ye a, granmoun nan retounen avek yon ti bwat nan men l e li di : - Mwen gen lontan depi m sere yon bagay isit, mwen pral devwale w sekrè a. Ou pa janm konnen si m te gen yon pitit gason, mesye Mòs. Se te pi gwo pechè pyè ki te genyen nan peyi End. Li te konn plonje byen, li te konn gade moun nan je, ponyèt li te solid, li te gen plis resistans pase tout moun. Li te fè mwen kontan. Franchman, mwen te fyè de li. Li te reve pou l te jwenn pi bèl pyè pèsonn pa janm jwenn. Yon jou, rèv li te reyalize, li te jwenn pyè l tap chèche. Men, pou l te jwenn li, li te oblije rete lontan anba dlo. Sak te koze li mouri yon ti tan apre l te finn jwenn li. Granmoun nan te bese tèt li; li te tonbe tranble. Lè l reprann li, li di: - Depi lè sa a, mwen sere pyè sa-a. Kounye-a mwen pral pati, ou pa janm konnen  mwen ka pa retounen ankò. Konsa mwen vle fè w kado pyè m nan paske ou se meyè zanmi mwen geyen.
Li ouvri bwat la, li retire, dousman yon gwo gwo pyè ki te vlope nan yon koton wat. Pyè sa a te klere kou miwa lèzanj, li te vo anpil lajan. Misyonè a admire l anpil. Anfen, li di: - Ranmbo, sa se yon mèvèy!
Granmoun nan reponn pou l di: - Wi, li san tach.
Menm kote a, misyonè-a vinn gen yon lide ki pase nan tèt li. Li leve jel anlè e li di: - Ranmbo, sa se yon pyè san parèy, m ap achte l. M ap baw di mil dola pou li.
Granmoun nan reponn pou l di: - O Mesye Mòs! Sa w vle di la?
Mesye Mòs ki pa konprann anyen di : - Bon, map baw kenz mil dola ou plis. Si w vle menm, m ap travay pou m achte l nan men w.
Ranmbo kite vrèman fache di : - Mesye Mòs, pyè sa a pa gen pri. Pèsonn moun sou la tè pa rich ase pou ta peye m sa l vo. Mwen p ap bay li pou milyon. Mwen pa vle vann ou li. Se kòm kado, sèlman, ou kapab jwenn li paske ou se bon zanmi m.
-Ranmbo, mwen paka resevwa l konsa. Jan m renmen, mwen paka aksepte l konsa. Petèt mwen ka gen twop ògèy men sa ta twop fasil. Fòk mwen peye'l ou byen map travay pou m genyen l.
- Ou genlè pa konprann. Ou pa wè? Yon sèl pitit gason m nan te bay vi l pou pyè sa.. Mwen p ap vann li pou lajan. Sak fè valè l, se lavi pitit gason m nan. Mwen paka vann ou li. Mwen kapab baw li mwen vle ba w li. Sèlman, fòk ou akseptel kòm prèv lanmou mwen gen pou ou.

Misyonè a sezi; li rete bouch fèmen pandan yon ti moman. Apre, li pran men granmoun e li di l tou dousman: - Ranmbo, kouman, ou menm tou, ou pa wè? Sa m te di w la, se menm bagay la ou di Bon Dye, se sa ou di m e se sa Bon Dye pa janm sispann di w...
Pechè yo gade zanmi-an fiks nan je kòm si li t ap poze kesyon. Epi, pezape li te kòmanse konprann.
Misyonè kontinye pou di l: - Bon Dye vle ba w la vi ki p ap janm fini an kòm yon don gratis. Li tèlman gwo, li tèlman chè pa gen yon moun sou latè ki ta kapab achte l. Plizyè miliyon dola pa ta ka sifi. Pa gen moun ki bon ase pou ta merite l. Bon Dye, pou l pèmèt ou rantre nan syel la, se lavi yon sèl pitit gason lan li te bay. Ou pa tap janm ka sove menm si ou te fè senk san mil ane ap fè pelerinaj. Se yon sèl bagay ou ka fè, se aksepte la vi ki pap janm fini an kòm prèv lanmou Bon Dye gen pou ou, ou menm ki se pechè. Ranmbo, san pale, mwen koube m byen ba e men aksepte pyè w la pandan m ap mande Bon Dye pou m konprann amou ou gen pou mwen. Men, ou menm tou, eske w pa ta renmen aksepte, san pale anpil, gran kado sa a Bon Dye vle fè w paske se pou sa pitit li te mouri?
Dlo koule nan je granmoun nan ki di: -Wi, mwen pa gen pwoblèm kounye-a. Sa fè de zan depi mwen wè sa yap di m de Jezi a se verite, mwen kwè nan li men mwen pa t ka aksepte sali a gratis. Sepandan, jodi a mwen konprann tout bon, gen bagay pèsonn pa ka achte paske yo pa gen pri. Mwen vle, san pèdi tan, resevwa kado Bon Dye vle ba m. Pou tout bi m, m ap genyen w rekonesans.
«Paske Bon Dye tèlman renmen lèzòm Li bay sèl pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan Li p ap pèdi la vi yo okontrè ya gen lavi ki p ap janm fini». (Jan 3, 16).
«Se paske Li renmen nou ki fè Li delivre nou menm ki mete konfyans nou nan Li. Sa pa sòti nan nou menm, se yon kado Bon Dye ba nou. Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa pèsonn pa ka vante tèt yo». (Efeziyen 2, 8).

Dernière Mise à jour 2006/06/03

Semeurs Quotidiens, C.P. 536, St-Hugues Québec Canada J0H 1N0